jeudi 6 juillet 2017

Poukisa nou pat janm ka konte sou finansman eksteryè pou reyalize Kan Leadership lan?

Chak ane, enstitisyon Alphanet ap reyalize nan peyi Dayiti yon gwo kokenn chenn evènman ki rele Kan Leadership Syans ak Teknoloji pou Timoun ak Adolesan ki gen ant 11 a 19 an. Anpil moun ap mande tèt yo poukisa Alphanet pa chèche anpil èd pou nou ta rive reyalize gwosè aktivite sa kap gen anpil enpak sosyal pozitiv sou avni patisipan yo non sèlman nan kominote yo, nan peyi Dayiti, nan Karayib la e nan mond lan.
Nou pran konsyans de nesesite pou nou ta kapab jwesnn jan sipò sa yo men nou vle fè resoti pwen enpotan sa yo ke petèt tout moun pa ka rive konprann. Dapre eksperyans nou fè nan Alphanet sitou nan Kan Leadership Syans ak Teknoloji, Fwa Ekspo Biznis Syans ak Teknoloji, TonelTEK, Atelye Syantifik Gratis, nou reyalize pwen sa yo:

Anpil enstitisyon pa prepare tèt yo vrèman pou sipòte jan de Aktivite edikatif ou ki pral gen Enpak Sosyal Pozitif menm si sa rantre nan kad misyon yo
Sa se yon bagay nou pa ta rive kwè! Pi fò enstitisyon  ki pa ankouraje Kan Leadership la se Enstitisyon ki di ke yap travay nan Edikasyon, nan Ede Timoun, nan Devlòpman Dirab, … Genyen anpil nan yo nou envite ki tounen an won sou envitasyon yo. Genyen kap plenyen di yo pa gen yon bidjè pou sa alòske patisipasyon ou kolaborasyon yo pa toujou egzije yo gen yon bidjè. Kidonk, anpil enstitisyon kap travay nan menm domèn ke Kan Leadership la ap pwomouvwa a pa gen volonte pou ta wè yo kontribiye nan rann aktivite sa reyisi. 

Nou pa ka fòse yo paske se Entegrite a misyon pa yo sèlman ki ta pou ede yo pran konsyans de minimum yo pa ta dwe pa men fòk piblik la konprann atitid moun sa yo pou yo kapab konprann rezon kif è nou oblije chèche otonomi aktivite Kan Leadership la.
Pou nou konprann sa pi klè, pa egzanp, nou voye envitasyon fòmèl donk dosye ak lèt kouvèti pou yon kantite enstitisyon. Sepandan, majorite nan yo pa janm fè siy de vi, ni menm anonse ke yo pap kapab aloske yo te kontan resevwa dokimantasyon! Sa se youn nan premye rezon ki fè nou  pa focus sou èd eksteryè pou nou reyalize kan leadership.

Genyen ki ap travay anba anba pou anpeche nou kolabore ak patenè ki ka ede Kan Leadership la pote pou patisipan ak enstitisyon kap patisipe yo.
Nan kòmansman Kan Leadership la, nou te gen anpil pèspèktiv patenarya ke nou mete akote kounye a pou rezon inefikasite e mank de estanda enstitisyonèl. Anpil enstitisyon ki ta kapab sipòte aktivite a, pou yon rezon ou pou yon lòt pa janm rive onore angajman yo san motif ni eksplikasyon. Kòm si se te ryen. Jan de pratik sa yo nan enstitisyon yo pa reponn a standard leadership nap pwomouvwa e nou pa espere se egzanp sa yo ke timoun ak adolesan yo pral repwodui kote enstitisyon yo diminye afòs moun ki ladan yo pa rann imaj enstitisyonèl yo ta gen yon minimum standard.

Gen ki menm fè dewogasyon a prensip enstitisyon Alphanet mete yo pou rive mete aktivite a nan sitiyasyon finansye ki va mande èd
Sa se youn nan dènye tip de sitiyasyon ki montre nou ke anpil enstitisyon enpotan sektè imanitè ak sektè piblik la an defayans e nou dwe devlope sektè prive pou konble anpe vid sosyal ke inefikasite enstitisyon yo genyen. Se pou rezon sa tou Alphanet ap ankouraje e ankadre antreprenarya lakay timoun yo ak jèn yo nan Kan Leadership la. Gen anpil enstitisyon ki ta renmen aktivite nou an rive an defisi bidjetè. Yo pwouve sa lè yo ap renka kò yo pou yo pa peye frè patisipasyon oswa pou yo pa peye tout frè patisipasyon. Pou rezon sa, nou te oblije fè chwa pou nou chèche otonomi finansye nan kad aktivite Kan Leadership la.

Konklizyon
Kan Leadership la se yon aktivite ki ap kontribiye nan devlòman endividyèl e kolektif timoun ak adolesan yo. Alphanet renouvle angajman l pou li kontinye sipòte devlòpman leadership sa nan yon pèspèktiv devlòpman enstitisyonèl. Enstitisyon nou yo an Ayiti bezwen ranfòse. Kan Leadership la montre nou anil pwen feblès sa ke nou ta renmen Oganism kap travay yo ede yo ranfòse. Se pou sa tou nou ap ankouraje Leta Ayisyen pou l ankouraje tout bon vre Antreprenarya nan peyi a pou ede a jwenn solisyon a anpil pwoblèm.

Nan Alphanet et nan Kad Kan Leadership pou Timoun ak Adolesan yo, nou kwè nan Leadership, Nou Kwè nan Edikasyon, nou Kwè nan Devlòpman Dirab, nou kwè nan Lasyans, Nou kwè nan Teknoloji, nou kwè nan Antreprenarya enou kwè nan Leadership Enstitisyonèl pou Devlòpman. Se pou sa nou deside renouvle angajman nou pou nou kapab non sèlman Fòmasyon Pratik e Aplike pou Timoun yo kapab devlope leadership ekonomik, sosyal, politik, nan tout nivo men tou sipòte Edikasyon ak Ranfòsman Enstitisyon yo!

Se pou sa nou louvri pòt nou pou kolaborasyon nan kad travay sa! Yon lòt fwa ankò nap swete tout moun bòn patisipasyon e bon kolaborasyon nan gran pwojè sa ki pral gen yon enpak sosyal pozitif sou dè jenerasyon e dè jenerasyon a travè lemond antye!

Haveson Florvil, Fondateur du Camp de Leadership.
PDG D’ALPHANET.


What is the Leadership Camp?

A non profit intensive training for Children and Teenagers on Leadership and more in a competitive, recreative and productive astmosphere with: conferences, workshops, visits, simulation and more. Created and lead by ALPHANET.
C'est quoi le Camp de Leadership?
Une formation intensive à but non lucratif pour les enfants et les adolescents sur le leadership et plus dans une atmosphère compétitive, récréative et productive avec: conférences, ateliers, visites, simulation et plus Créé et dirigé par ALPHANET.
Qué es el Campamento de Liderazgo?
Una capacitación intensiva sin fines de lucro para niños y adolescentes en Liderazgo y más en una atmósfera competitiva, recreativa y productiva con: conferencias, talleres, visitas, simulación y más. Creado y liderado por ALPHANET.
Kisa Kan Leadership la ye?
Yon fòmasyon entansif ki pa fè pwofi pou Timoun ak Tinedjè sou Lidèchip ak plis ankò nan yon asosye konpetitif, rèkteur ak pwodiktif avèk: konferans, atelye, vizit, simulation ak plis ankò. Kreye ak plon pa ALPHANET.

Most Popular :