lundi 26 juin 2017

Poukisa li enpòtan pou ou voye yon Timoun oubyen yon Gwoup Timoun nan Kan Leadership Alphanet la?

Ant 17 jiyè ak 2 Dawou 2017, Kan Leadership Alphanet la pral fèt an 3 tan. 7 jou pou Ansyen yo (17-23 jiyè), 7 jou pou nouvo yo (24-30 jiyè) e 3 jou gratis pou Top yo 31jiyè-2 dawou)
Anpil moun ap mande tèt yo kisa kan leadership la ye? Kisa lap pote ? Poukisa mwen ta dwe voye yon timoun oswa yon gwoup timoun nan Kan Leadership Alphanet la?
Repons a kesyon sa yo pa twò difisil pou jwenn si nou eseye konprann dabò kisa kan leadership lan ye? Kan Leadership la se yon aktivite fòmasyon entansiv, pwodiksyon, konpetisyon ak rekreyasyon Alphanet reyalize chak ane nan vil Wanament, Nòdès peyi Dayiti.
Wè:Koman ou kapab patisipe ak yon gwoup timoun
Nan aktivite sa paran yo voye plis pase 200 timoun ki reprezante divès tip enstitisyon nan peyi a. Kote patisipan sa yo nou rele Delege ou Anbasadè pral aprann anpil koze sou leadership, edikasyon, lasyans ak teknoloji pou devlòpman pèsonèl, enstisyonèl, lokal, nasyonal ou menm entènasyonal.
Kan Leadership la fèt ak divès tip aktivite tankou: prezantasyon fòmasyon yo, similasyon Nasyon Zini, Eleksyon Jeneral, Konpetisyon entelektyèl, atistitik, moral, Vizit gide ...
Apre 7 jou tout aktivite sa yo Timoun ki patisipe yo gen tandans pou devni veritab leader nan pran sans responsabilite pou tèt yo, nan enstitisyon ou fanmiy kote yo soti yo e kominote pa yo a, nan peyi a e menm nan yon pèspèktiv entènasyonal.
Patisipan yo pran plezi pou aprann anpil bagay ki enpòtan pou avni yo, yo pran plezi pwodui dokiman enpòtan e aprann kòman pou prezante chak tip dokiman sa yo. Patisipan Kan Leadership yo anpil fwa bay tèt yo yon misyon reyisit pèsonèl e asosyatif ou enstitisyonèl nan aspè sosyal, ekonomik , atistik/kiltirèl ou menm politik.
Kan Leadership la envite chak patisipan yo kapab pran desizyon pou gade standard leadership ak responsabilite yo nan fanmiy yo ou nan enstitisyon yo reprezante a. Se pou sa Alphanet asire suivi fòmasyon pou tout delegasyon ki patisipe yo pandan rès ane a.
Kan leadership la se yon mwayen pou lite kont anpil difikilte sosyal ki gen rapò ak timoun e adolesan yo nan sosyete a pandan nap ensiste sou yon bon jan fòmasyon pou yo. Fòmasyon sa touche plizyè disiplin e suiv yon apwòch pratik.
Enstitisyon ak Fanmiy yo gen anpil enterè voye yon Timoun ou yon Gwoup Timoun ak Adolesan nan Kan Leadership lan. Lè yo voye yo patisipe nan kan leadership la yo kontribiye nan:
- Ede Timoun yo reyisi
- Pwofite de opòtinite evènman Kan Leadership la ofri pou deklanche ou booster leadership ak sans responsabilite Timoun ak Adolesan yo nan sosyete a.
- Okazyone yon lòt ideyal ou standard leadership endividyèl e kolektif nan Enatitisyon ou nanFanmiy nou ak Timoun ki va patisipe nan Kan Leadership la.
- Pwofite de okazyon sa pou pèmèt Timoun ak Adolesan yo fè entè-echanj kiltirèl, entelektyèl e sosyal pandan vakans lan.
- Kolabore konkrètman avèk Alphanet nan misyon nou bay nou pou kontribiye nanFòmasyon Jenès la pou pran LaRelèv nan peyi a.
M. Haveson Florvil, Fondateur.
CEO de Alphanet.

What is the Leadership Camp?

A non profit intensive training for Children and Teenagers on Leadership and more in a competitive, recreative and productive astmosphere with: conferences, workshops, visits, simulation and more. Created and lead by ALPHANET.
C'est quoi le Camp de Leadership?
Une formation intensive à but non lucratif pour les enfants et les adolescents sur le leadership et plus dans une atmosphère compétitive, récréative et productive avec: conférences, ateliers, visites, simulation et plus Créé et dirigé par ALPHANET.
Qué es el Campamento de Liderazgo?
Una capacitación intensiva sin fines de lucro para niños y adolescentes en Liderazgo y más en una atmósfera competitiva, recreativa y productiva con: conferencias, talleres, visitas, simulación y más. Creado y liderado por ALPHANET.
Kisa Kan Leadership la ye?
Yon fòmasyon entansif ki pa fè pwofi pou Timoun ak Tinedjè sou Lidèchip ak plis ankò nan yon asosye konpetitif, rèkteur ak pwodiktif avèk: konferans, atelye, vizit, simulation ak plis ankò. Kreye ak plon pa ALPHANET.

Most Popular :